Coding is a super power! Aprann yon lang se louvri , w ak lòt kilti ,lòt fason panse . Lè ou pale yon lang li pèmèt ou kominike ak moun ki pale menm lang lan . E si ou ta pale lang òdinatè yo , si ou ta kapab pase yo lòd pou fè sa ou vle , pou itilize kèk fonksyonalite ke lòt moun petèt pa gen aksè avèk yo . Lè ou aprann pwograme ou vin gen aksè dirèk ak machin nan . Yon pwogramè se tankou yon mizisyen , ou ka gen menm enstriman nan menm w , men ou paka pèfòme menm jan ak li . Sa gen kèk tan depi mwen te vin genyen yon lanmou pou koze pwogramasyon web , mwen te pase prè de yon ane ap aprann HTML , Css epi JavaScript , malerezman mwen pat ka kontinye . Nan moman map ekri liy sa yo , mwen gen plis ke yon mwa depi map aprann yon lòt langaj pwogramasyon ki se Python . Python an se yon langaj ki trè itilize nan diferan domèn tankou : Entelijans ATIFISYÈL , Machine Learning , Otomatizasyon , B...
Commentaires
Enregistrer un commentaire