Accéder au contenu principal

Sa Yo Pa Diw sou Anivèsè w

Jodi a se anivèsè'm se yon ane ki boukle epi yon lòt pral kòmanse . Anpil moun wè jou anivèsè yo kòm jou pou yo pran tout plezi ki egziste . Gen sa ki tèlman fè eksè yon tou mouri menm jou sa . Maten an mwen te pran yon ti tan pou'm reflechi . Mwen rann mwen kont ke jodi a se meyè jou pou 'm evalye lavi'm . Eske kote 'm ye la , se la mwen te vle ye ? Ki objektif mwen ta renmen atenn pou nouvo ane sa ki kòmanse pou mwen an? Kisa pou'm chanje nan lavi'm? Mwen reyalize ke nouvèl ane yo pa kòmanse premye janvye . Men yo kòmanse jou anivèsè' w . Si ou wèl konsa wap sispann nan konpetisyon ak lòt moun . Wap konprann ke chak moun gen kalandriye pa yo nan lavi . Jou anivèsè yon moun se tankou jou yon moun ki nan yon pòs pral jwenn yon lòt manda kap pèmèt li rete nan pòs li a . Si Letènèl renouvle manda'w se pou yon rezon byen detèmine . Kisa wap chwazi fè ak nouvo manda sa . Mwen reyalize ke nan lavi , anyen pa garanti . A nenpòt ki moman tout bagay ka chavire. Sa fè'm wè enpòtans tan nan lavi moun . Nou dwe viv chak segond , chak minit , chak jou kòmsi se te dènye a . Epi pwofite de chak opòtinite lavi a ka ofri nou. Chak jou se fèt pou mwen . Mwen rekonesan a chak fwa mwen rann mwen kont map respire toujou .

Commentaires

Enregistrer un commentaire

Posts les plus consultés de ce blog

Préparation | il faut le faire malgré tout

La première étape à franchir lors de la réalisation d'un projet est la préparation. Mais souvent c'est l'une des étapes les plus difficiles . Lors de la préparation de mes vidéos . Il y a trois étapes : La pré-production (recherche, écriture) La production (tournage) La post-production (montage ) La pré-production est l'étape la moins drôle : Recherche d'information , assimilation puis l'écriture du script de la vidéo . Comme le mentionne le fondateur de KOZETEK , faire de la vidéo n'est pas chose facile . Si quelqu'un veut le faire juste pour l'argent ou la popularité . Ça ne va pas aller trop loin . La préparation est la base de toutes réalisations . Il faut savoir que les victoires ne sont pas remportées sur le terrain mais dans les salles d'entraînement. Ne négliges pas la préparation . Il faut planifier son travail et travailler selon son p...