
Jodi a se anivèsè'm se yon ane ki boukle epi yon lòt pral kòmanse .
Anpil moun wè jou anivèsè yo kòm jou pou yo pran tout plezi ki egziste . Gen sa ki tèlman fè eksè yon tou mouri menm jou sa .
Maten an mwen te pran yon ti tan pou'm reflechi . Mwen rann mwen kont ke jodi a se meyè jou pou 'm evalye lavi'm .
Eske kote 'm ye la , se la mwen te vle ye ?
Ki objektif mwen ta renmen atenn pou nouvo ane sa ki kòmanse pou mwen an?
Kisa pou'm chanje nan lavi'm?
Mwen reyalize ke nouvèl ane yo pa kòmanse premye janvye .
Men yo kòmanse jou anivèsè' w .
Si ou wèl konsa wap sispann nan konpetisyon ak lòt moun .
Wap konprann ke chak moun gen kalandriye pa yo nan lavi .
Jou anivèsè yon moun se tankou jou yon moun ki nan yon pòs pral jwenn yon lòt manda kap pèmèt li rete nan pòs li a .
Si Letènèl renouvle manda'w se pou yon rezon byen detèmine .
Kisa wap chwazi fè ak nouvo manda sa .
Mwen reyalize ke nan lavi , anyen pa garanti .
A nenpòt ki moman tout bagay ka chavire.
Sa fè'm wè enpòtans tan nan lavi moun .
Nou dwe viv chak segond , chak minit , chak jou kòmsi se te dènye a .
Epi pwofite de chak opòtinite lavi a ka ofri nou.
Chak jou se fèt pou mwen . Mwen rekonesan a chak fwa mwen rann mwen kont map respire toujou .
Waw félicitations à toi mon cher
RépondreSupprimerTex la rivee sou mw freo
RépondreSupprimerMw swetew tout bonh ki nan mond lan Zantray
Leokely