Coding is a super power!
Aprann yon lang se louvri , w ak lòt kilti ,lòt fason panse .
Lè ou pale yon lang li pèmèt ou kominike ak moun ki pale menm lang lan .
E si ou ta pale lang òdinatè yo , si ou ta kapab pase yo lòd pou fè sa ou vle , pou itilize kèk fonksyonalite ke lòt moun petèt pa gen aksè avèk yo .
Lè ou aprann pwograme ou vin gen aksè dirèk ak machin nan .
Yon pwogramè se tankou yon mizisyen , ou ka gen menm enstriman nan menm w , men ou paka pèfòme menm jan ak li .
Sa gen kèk tan depi mwen te vin genyen yon lanmou pou koze pwogramasyon web , mwen te pase prè de yon ane ap aprann HTML , Css epi JavaScript , malerezman mwen pat ka kontinye .
Nan moman map ekri liy sa yo , mwen gen plis ke yon mwa depi map aprann yon lòt langaj pwogramasyon ki se Python .
Python an se yon langaj ki trè itilize nan diferan domèn tankou : Entelijans ATIFISYÈL , Machine Learning , Otomatizasyon , Back-end web development etc. Epi li fè pati de langaj ki nan algorit Netflix , Instagram ak Youtube .
Sevre mwen poko gen yon wo nivo nan domèn nan men plis map aprann se plis mwen anvi aprann .
Lè ou se yon pwogramè ou se yon moun kap rezoud poblèm kap panse ak solisyon ki pi efikas pou rezoud li .

Commentaires
Enregistrer un commentaire